Travayè Sante Kominotè 1199SEIU pi fò lè yo ini ansanm!
Antanke anplwaye neighborhealth, nou fè yon sèl nan sipò n ap bay ak angajman nou pran pou misyon Sant Sante neighborhealth. Desizyon nou pran pou fòme yon sendika se yon pati nan angajman sa a yon fason pou amelyore kondisyon travay nou ak amelyore kalite sèvis nou bay yo.
Travayè neighborhealth yo se yon Pati Enpòtan nan Misyon an
Nou menm ki travay nan NeighborHealth konnen jan sèvis nou yo inik epi nou vle konsève travay nou pou plizyè ane k ap vini. Men, kòm travayè nan yon òganizasyon ki pa sendika, travay nou pa asire jan nou ta swete l la. Direksyon an gen pouvwa pou deside sou salè ak avantaj nou. Lè nou fòme sendika nou an nan 1199SEIU, nou ka itilize vwa kolektif nou genyen an pou pote amelyorasyon pou NeighborHealth ka kontinye reyisi nan misyon li.
Pasyan Nou yo Konte Sou Nou
NeighborHealth bay sèvis konplè ki sove lavi nan kominote nou yo, men nou bezwen salè pwofesyonèl, avantaj sekirite, ak respè nan espas travay la pou nou kapab rekrite epi kenbe anplwaye ki devwe ak kalifye. Nou kwè rantre nan 1199SEIU se pi bon opòtinite nou genyen pou amelyore kondisyon travay nou ak amelyore kalite sèvis nou bay yo.
TRAVAYÈ NEIGHBORHEALTH – VIN RANMASE AVÈ NOU!
Travayè klinik sante kominotè 1199SEIU nan Massachusetts, New York, Maryland, ak Florida te jwenn pi wo estanda yo pou kliyan nou yo ak pasyan yo ak pwofesyon nou an. Kounye a se tou pa nou nan NeighborHealth pou nou genyen yon vwa ak respè reyèl nan espas travay nou an lè nou mete tèt nou ansanm epi fòme sendika nou ak 1199SEIU, sendika swen sante ki pi solid, ki pi efikas nan Amerik la. RANPLI FÒM KI ANBA A POU W APRANN PLIS!